Accessibility links

Breaking News

Premye Gwoup Ayisyen Etazuni Depote Rive Ayiti


Premye Gwoup Ayisyen Etazuni Depote Soti Texas Fek Rive Potoprens
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:01 0:00

Premye Gwoup Ayisyen Etazuni Depote Soti Texas Fek Rive Potoprens

Twa avyon Ameriken chaje ak migran Ayisyen ki te sou frontye Meksik ak Etazuni ke gouvenman Ameriken an depote rive Potoprens apremidi a.

Desizyon sa a ke gouvenman Joe Biden nan pran soulve anpil kritik bo kote kominote Ayisyenn nan toupatou nan mond lan.

Nou te gen sou plas Matiado Vilme ak Wilner Bossou ki suiv sityasyon an de pre pou nou.

Premye GwoupAyisyen Etazuni Depote Soti Texas Rive Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:32 0:00


Temwayaj yon Ayisyen

Matiado Vilme pale ak yon Ayisyen ki di nou li se moun Gonaives ki te abo premye vol la. Nou mande'l poukisa li kite Ayiti, kijan otorite Ameriken yo trete'l epi kijan li santi'l kounyea ke li tounen Ayiti.

Temwayaj Yon Ayisyen Ki Te Abo Premye Vol Etazuni Depote Ayiti Dimanch
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:59 0:00


Nou rive, epi kisa?

Dapre sa repote nou yo konstate, migran Ayisyen yo te resevwa manje apre yo te debake nan ayewopo Toussaint Louverture la.

Kijan Leta Ayisyen Pral Akonpaye Moun yo?

Jean Delva Bonheur, yon responsab Ofis Nasyonal Migrasyon, ONM fe konnen leta pral bay chak Ayisyen 10,000 goud epi akonpaye yo nan stasyon bis pou yo ka reprann chimen lakay yo. Li ajoute ONM pran non ak nimewo telefon moun sa yo pou yo ka kenbe kontak avek yo pi ta epi asire yo gen sa yo bezwen pou reprann vi yo ann Ayiti.

Responsab Ofis Nasyonal Migrasyon Esplike Kijan Leta Ayisyen Pral Akonpaye Migran yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:14 0:00


Reyaksyon Anbasade Ayiti Washington

Anbasade Ayiti nan Washington, Bocchit Edmond pibliye yon mesaj sou migran Ayisyen yo sou kont ofisyel Twitter li a.

Migran Ayisyen rasanble bo rivye Rio Grande a apre yo finn travese'l pou antre Ozetazuni depi Meksik, Samdi 18 Sept. 2021.
Migran Ayisyen rasanble bo rivye Rio Grande a apre yo finn travese'l pou antre Ozetazuni depi Meksik, Samdi 18 Sept. 2021.


USA Femen Frontye li ak Meksik

Etazuni femen frontye li ak Meksik nan vil kote plizye milye Ayisyen rasanble epi monte yon kan refije. Klotu a vini nan menm moman otorite Ameriken yo te komanse ekspulse pa avyon kek nan migran sa yo tounen Ayiti.

Ayisyen yo travese Ozetazuni depi vil Ciudad Acuna o Meksik pou y'al lage ko yo Del Rio, eta Texas kote kek nan yo ap viv depi 3 semen.

Lapolis vil Del Rio mete kodon jon pou anpeche Ayisyen yo travese sou yon ti baraj soti Meksik pou antre Etazuni.

Nan komansman migran yo te jwenn lot mwayen pou yo chankre Etazuni, juskaske otorite federal ak otorite eta Texas yo te bare yo.


Nou va kontinye ajoute sou nouvel sa a osito ke nou gen plis enfomasyon pou pataje.

Matiado Vilme nan Potoprens, Jean Robert Philippe nan San Antonio, Texas, Jacquelin Belizaire ak Sandra Lemaire nan Washington kontribye a repotaj sa a, kek enfomasyon soti nan Associated Press.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG