Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Ozetazuni sou Sityasyon Politik Ayiti


Foto Achiv: Premye Minis Ariel Henry pale ak ansyen premye minis pwovizwa Claude Joseph, 20 Juiye, 2021.
Foto Achiv: Premye Minis Ariel Henry pale ak ansyen premye minis pwovizwa Claude Joseph, 20 Juiye, 2021.

Akizasyon Chef Pake Potoprens la kont Premye Minis Ariel Henry okipe gran tit jounal Ameriken tankou Washington Post, New York Times, ak Miami Herald.

Etazuni reyaji jodia sou sityasyon politik la ann Ayiti.

Mezon Blanch pa reponn direkteman a kestyon VOA Kreyol poze -- sou ako politik ki siyen ant Premye Minis Ariel Henry ak opozisyon an -- epi let chef Pake Potoprens la ki mande pou akize premye minis la an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise la.

Mezon Blanch di nou, se Depatman Deta ki pou reponn pou administrasyon Biden nan.

Nan yon email, yon pot pawol Depatman Deta voye ba nou, li reponn tou le 2 kestyon nou te poze yo.

Pa rapo ak ako politik ki siyen ak yon branch opozisyon an Depatman Deta di:

"Etazuni apiye ak tout fos li, yon diyalog ant Ayisyen ki gen patisipasyon plizye pati politik, sosyete sivil la ak sekte prive a. Etazuni pataje objektif kap chache gen plis stabilite, pwosperite, sekirite ak espwa pou pep Ayisyen an.

Kanta pou dokiman legal ki enplike premye minis la nan asasina Prezidan Moise la, pot pawol Depatman Deta a di:

Nou refere'w ak gouvenmen Ayisyen an sou pwosesis envestigasyon sou asasina Prezidan Moise la. Nou apiye yon envestigasyon a fon, ki transparan e ki asire moun ki responsab pou krim lach sa a jije komsadwa.

Yon lot kote, yon stasyon televizyon nan Miami, Chanel 10 pral prezante aswe a a 8 he, entevyou ekskluzif li fe ak ansyen premye dam Ayiti, Martine Moise. Chanel 10 deja pibliye kek ekstre entevyou sa a sou YouTube. Nan yon ekstre-- madan Moise di gen 8 bal ki frape li, li sibi plizye operasyon pou repare domaj ki fet nan ner men ni. Yo te oblije fe yon gref ner nan janm ni pou pemet li bouje dwet yo.

Madan Moise di li te anvi mouri apre lanmo mari li, e ke li te pase yon semenn ap kriye. Li deside fe yon efo pou'l soti nan depresyon sa a epi pouse pou pi devan ak lavi'l gras ak yon enfimye nan lopital kote li tap resevwa swen epi pou timoun ni yo.

Korespondan Mezon Blanch Patsy Widakuswara ak Korespondan Depatman D'eta Nike Ching kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG