Accessibility links

Breaking News

400,000 Ayisyen Poko Resevwa Ed Apre Tranbleman Te a


Yon bilding nan mitan dekonb, 3 jou apre tranbleman te puisans 7,2 ki frape Les Cayes, Ayiti, 14 Out 2021.
Yon bilding nan mitan dekonb, 3 jou apre tranbleman te puisans 7,2 ki frape Les Cayes, Ayiti, 14 Out 2021.

Pandan yon rankont ak lapres jodia, Kowodonate Nasyonzuni pou Asistans Umanite a, Bruno Lemarquis fe konnen gen 400,000 Ayisyen ki poko resevwa asistans apre tranbleman te 14 Out la.

Lemarquis fe konnen LONU ap fe tout sa li kapab pou ede moun sa yo.

LONU Bay Kont Randu Jefo Asistans Pou Viktim Tranbleman Te a
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:17 0:00


Ayiti te youn nan prensipal sije diskisyon jodia nan rankont Nasyonzuni fe ak manm lapres entenasyonal. Sou kestyon revokasyon Minis Jistis Rockfeller Vincent ak akizasyon kont Premye Minis Ariel Henry an koneksyon ak dosye asasina Prezidan Moise la, pot pawol LONU, Stephane Dujarric di LONU byen o kouran sityasyon an ann Ayiti.

"Byen antandu nou o kouran de chanjman ki fet yo, e mwen kwe li enpotan pou tout pati Ayisyen konsene yo, lide politik yo pou yo kontinye diyaloge ansanm pou gide peyi a pandan peryod difisil sa a apati yon konsansus," Dujarric di jounalis Al Jazeera ki te poze kestyon an.

Yon jen jan ap domi andeyo kay li nan Saint Louis du Sud, Ayiti 2 jou apre tranblman te 14 Out la.
Yon jen jan ap domi andeyo kay li nan Saint Louis du Sud, Ayiti 2 jou apre tranblman te 14 Out la.


Jounalis la mande Lemarquis limenm, si kriz politik la gen konsekans sou jefo asistans pou reskape yo.

"Mwen pase tout tan'm ap travay ak Pwoteksyon Sivil, biwo premye minis la, ministe yo, tout moun pran angajman konpletman nan nivo nasyonal ak rejyonal pa rapo ak viktim tranbleman te yo," Lemarquis fe konnen. " Kidonk pa gen okenn konsekans ditou sou lideship nasyonal la ni sou fason yap reponn a bezwen ki egziste apre tranbleman an. "

Lemarquis te bay yon kont randu sa ki fet ak sa ki bezwen fet pou viktim tranbleman te yo.

"Nou rive ede mwatye pep la men gen anpil travay ki rete pou fet," misye deklare. "Nou bezwen anpil sipo pou jefo imanite sa a e nou deja pase nan faz rekuperasyon ak rekonstriksyon. Nou gen yon bon jan jefo sou pye men fok nou soutni li a lon term e nap bezwen ed kominote entenasyonal la pou apiye Ayisyen ki afekte pa tranbleman an. "

Yon sekouris Ayisyen voye yon kit ijen pandan l'ap vide yon avyon milite VM-22 Osprey ki chaje ak asistans pou reskape yo nan ayewopo Jeremie a, 28 Out, 2021.
Yon sekouris Ayisyen voye yon kit ijen pandan l'ap vide yon avyon milite VM-22 Osprey ki chaje ak asistans pou reskape yo nan ayewopo Jeremie a, 28 Out, 2021.


Dapre Lemarquis, milite Ameriken ki tap ede yo livre asistans pandan 2 semen ki pase yo ak bato, avyon epi elikopte finn pati kounyea.

" Kounyea ke Ameriken yo ale, nou oblije fe efo pou travay ak paket gwoup lokal, ONG (Oganizasyon non gouvenmantal) OSC (Oganizasyon sosyete sivil) ak otorite lokal yo ki konnen sa moun yo bezwen e ki gen mwayen pou kontakte pou ede nou distribye ed nan zon sa yo ki difisil pou atenn. Nou ka planifye ave yo epi ak moun ki konnen sityasyon an byen an men tan n'ap travay ak responsab lokal yo."

Merin Ameriken Brandon Oldham transpote manje soti nan yon avyon milite VM-22 Osprey nan ayewopo Jeremie a, 28 Out 2021.
Merin Ameriken Brandon Oldham transpote manje soti nan yon avyon milite VM-22 Osprey nan ayewopo Jeremie a, 28 Out 2021.


Lemarquis te gen ave'l Giuseppe Loprete, Chef Misyon Ayiti pou Oganizasyon Entenasyonal Migrasyon an. Loprete presize pwoblem sekirite ak pwoblem lojistik ki anpeche yo rive nan zon frape ki pi izole yo. Li di sekirite se yon tet chaje tou.

"Premye mwa a nou te gen yon konvwa ke nou te kowodone ak Pwoteksyon Sivil epi ONG yo. Gen 18 kamyon ki t'al nan sid la chak jou. N'ap eksplore tout kalite solisyon lojistik posib - wout alternatif, asistans milite yo, elikopte, bato - tout fason nou kapab pou nou rive nan zon sa yo. Nou gen depo - kidonk UNICEF, WFP (pwogram mondyal alimantasyon) LONU epi sekouris yo. Donk nou deja ap travay nan 3 Depatman. E nou gen asistans ke nou ka distribye nan zon sa yo. Men kestyon sekirite a se yon gwo preokipasyon pou nou," Loprete di.

Nan fen konvesasyon an Lemarquis di LONU pran angajman pou travay rapidman epi fe tout sa li kapab pou pote asistans bay 400 mil moun ki poko resevwa anyen yo.

XS
SM
MD
LG