Accessibility links

Breaking News

Etazuni Pare Avyon Pou Voye De Milye Migran Ayisyen Tounen Ayiti


Ayisyen Ap Travese Rivye Rio Grande a Pou Al Ozetazuni
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:11 0:00

Ayisyen Ap Travese Rivye Rio Grande a Pou Al Ozetazuni

Gouvenman Biden nan preske finalize yon plan pou ekspulse plizye milye migran Ayisyen ki sanzatann travese antre nan yon vi ki sitye sou frontye eta Texas pataje ak Meksik. Yo pral voye Ayisyen sa yo tounen Ayiti nan avyon.

Mezi sa a reprezante yon repons vit e prese fas ak kriz ki genyen sou frontye a. Otorite lokal yo estime ke Vandredi te gen 13,700 migran ki tap viv anba ak ozalantou yon pon nan vil Del Rio.

Moun sa yo pran wout kap mennen yo sou frontye Meksik pataje ak eta Texas, Ozetazuni. (Foto: Cesar Contreras)
Moun sa yo pran wout kap mennen yo sou frontye Meksik pataje ak eta Texas, Ozetazuni. (Foto: Cesar Contreras)


Kantite vol yo pral depann de kapasite konpayi ayeryenn nan epi volonte Ayiti. Sepandan responsab Ameriken di taka gen ant 5 ak 8 vol chak jou apati Dimanch. Responsab la fe konnen y'ap negosye ak otorite Ayisyen yo sou sa.

Yon lot responsab di li pa kwe ap gen plis pase 2 vol pa jou e ke migran yo pral sibi tes pou COVID-19. Tout le 2 responsab sa yo pale ak Associated Press sou kondisyon yo pa site non yo.

Sikilasyon an te bloke pou machinn ak pyeton nan tou 2 direksyon yo nan pos frontye Del Rio a ki konekte ak vil Ciudad Acuna nan Meksik.

Migran sa yo ap travese rivye Rio Grande a pou yo pran direksyon frontye Meksik ak eta Texas, Ozetazuni. (Foto: Cesar Contreras)
Migran sa yo ap travese rivye Rio Grande a pou yo pran direksyon frontye Meksik ak eta Texas, Ozetazuni. (Foto: Cesar Contreras)


Ajans Sekirite Nasyonal Etazuni an (Department of Homeland Security) deklare "frontye nou pa ouvri e moun pa dwe fe vwayaj danjre sa a."

"Endividi ak fanmi ki rive sou frontye Etazuni pral fe fas ak restriksyon seve, pami yo ekspulsyon. Migrasyon iregulye poze yon gwo menase pou sante ak byenet kominote ki sitye sou frontye a ak lavi migran yo tou. Yo pata dwe tante chans yo," ajans la ajoute.

Kan migran yo monte tou pre frontye Etazuni pataje ak Meksik. (Foto: Cesar Contreras)
Kan migran yo monte tou pre frontye Etazuni pataje ak Meksik. (Foto: Cesar Contreras)


Gen 500 Ayisyen otorite imigrasyon Meksiken yo pase lod pou soti nan otobus ki tap transpote yo nan vil Tamaulipas, a 200 kilomet ak frontye sid eta texas la. Moun sa yo te kontinye pouse pou pi devan pou rive sou frontye Etazuni a pye.


Enfomasyon nan repotaj sa a soti nan Associated Press

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG