Accessibility links

Breaking News

PM Ayisyen Ariel Henry Mande Asistans Lame a pou Konbat Gang yo


Premye Minis Ariel Henry kite seremoni gradyasyon nouvo manm fos zame a nan Potoprens, Ayiti, 22 Desanm, 2022.
Premye Minis Ariel Henry kite seremoni gradyasyon nouvo manm fos zame a nan Potoprens, Ayiti, 22 Desanm, 2022.

Premye Minis Ayisyen Ariel Henry fè konnen li gen entansyon aktive tout fòs sekrite peyi a pou konbat gang yo kap vinn pi puisan chak jou.

"Sa nap viv jodia, se pa yon blag," PM Henry deklare.


Anons sipriz la Vandredi, nan katye jeneral Fòs Zame d Ayiti vini nan moman gouvenman an ak responsab LONU kontinye ap mande kominote entènasyonal la deplwaye yon fòs etranje pou ede Polis Nasyonal Ayiti (PNH) jere vyolans la.

Jean Robenson Servilus, ki travay nan biwo laprès Ministè Defans Ayiti konfime pou Associated Press ke responsab yo ap travay sou yon plan pou aktive lame a. Li di Fòs Zame d Ayiti gen apepre 2,000 solda e ke yap chache rekrite plis. Li ajoute ekspè ki soti Ajantin, Meksik ak Kolonbi fòme militè sa yo.

Li poko klè kilè yo pral aktive lame a ni ki wòl li pral jwe egzakteman.

Nouvo manm Fos Zame d Ayiti pandan yon parad apre seremoni gradisyasyon yo nan Potoprens, Ayiti, 22 Desanm, 2022.
Nouvo manm Fos Zame d Ayiti pandan yon parad apre seremoni gradisyasyon yo nan Potoprens, Ayiti, 22 Desanm, 2022.

Ayiti te elimine fòs zame li an 1995 apre plizye kou deta ak entèferans politik. Prezidan Jovenel Moise te re-enstale Fòs Zame d Ayiti an 2017, apre LONU te mete fen nan operasyon mentyen lapè li an Ayiti.

Depi lè a, lame a jwe yon wòl limite nan peyi a - pami travay li fè nou jwenn pwoteje premye minis la.

Gang yo kontwole yon afè 60% kapital la, Pòtoprens e yo touye plizyè santèn moun nan mwa ki pase yo pandan yap goumen pou pran kontwol plis teritwa apre asasina Moise nan mwad Jiyè ane 2021. Gen plizyè dizèn milye Ayisyen ki oblije kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang yo, ke LONU di rive nan nivo pi wo yo janm konstate.

Korespondan VOA nan Potoprens, Renan Toussaint kontribye a repotaj sa a. Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG