Accessibility links

Breaking News

Plizyè Gouvènman Pwononse yo Kont Atak ki Fèt Sou Manifestan yo Ann Ejipt


Plizyè Gouvènman Pwononse yo Kont Atak ki Fèt Sou Manifestan yo Ann Ejipt
Plizyè Gouvènman Pwononse yo Kont Atak ki Fèt Sou Manifestan yo Ann Ejipt

Lèzetazini ak yon seri peyi alye kondane zak vyolans ki fè san koule m̀èkredi 2 fevriye 2011 la nan vil Lekèr e yo lanse apèl bay gouvènman Prezidan Mubarak la pou mande l mete dlo nan diven n nan fason l ap mete kontwòl sou manifestan yo.

Pòtpawòl Mezon Blanch la, Robert Gibbs di nan yon konferans pou laprès jounen mèkredi a: "Si gouvènman an ta dèyè kelkeswa pati nan vyolans la, li fèt pou l sispann fè sa imedyatman." Fen sityasyon. Oganizatè mouvman anti-gouvènmantal yo di rejim Mubarak la te lage dèyè yo yon gwoup bandi atoufè li te peye –mete sou polisye ki te degize an sivil— pou yo te kraze mouvman leve-kanpe yo a ki la depi 10 jou deja.

Premye minis bratinik-la, David Cameron, bò kote pa-l, lanse menm mesaj ak Lèzetazini bay gouvènman Mubarak la, lè li di tout Leta ki ta patwone sa ki sanble ak «yon sèn vyolans moun pa ka dekri, se yon leta ki totalman innakseptab »

Anfen, gwoup dwazimen Human Rights Watch –ki base nan New York-- fè konnen gouvènman ejipsyen an ta dwe sispann sa k sanble ak yon seri de atak òganize sou manifestan k ap reklame demokrasi.

Nan yon deklarasyon Human Rights Watch pibliye jedi 3 fevriye 2011 la, li di Lèzetazini ak Inyon Ewòp la fèt pou mete presyon sou gouvènman ejipsyen an pou yo evite zak vyolans konsa repete nan lavni sou manifestan kap pwoteste pasifikman.

XS
SM
MD
LG