La Tiki fè konnen genyen yon lòt gwoup mil 500 refijye siryen ki travèse fwontyè a jedi 23 jen 2011 la nan moman fòs zame peyi vwazen an lanse yon gwo atak nan rejyon an nan kad dènye mouvman sere-boulon rejim Damas la mete sou pye kont moun k ap pwoteste kont gouvènman an.
Vandredi 24 jen an, Ministè Afè Etranjè a nan Annkara, kapital Tiki, fè parèt yon deklarasyon kote li di genyen plis pase 11 mil 700 siryen ki resevwa azil kounyela a nan kèk gwo tant responsab Tiki yo enstale nan kan debèjman yo, pandan sòlda lame siryèn nan twouve yo sou yon distans 500 mèt sèlman ak fwontyè a.