Accessibility links

Breaking News

COP26: Plis Pase 100 Peyi Sèmante Pou Mete Fen nan Debwazman


Yon seri pye bwa byen kolore wou yon wout nan rejyon ki rele Taunus la tou pre Frankfor ann Almay, 2 Oct. 2021.
Yon seri pye bwa byen kolore wou yon wout nan rejyon ki rele Taunus la tou pre Frankfor ann Almay, 2 Oct. 2021.

Plis pase 100 peyi etranje pran angajman pou yo mete fen nan debwazman anvan fen deseni an.

Se yon pwomès ekspè yo di ap esansyèl pou limite chanjman klimatik - men yo konn fè pwomès sa yo deja san yo pa janm respekte'l. Angletè bat bravo Madi pou angajman an kom premye gwo bagay yo akonpli pandan rankont o somè Nasyonzuni sou chanjman klimatik la ke moun konnen sou non COP26.

Sepandan militan kap defann anviwonman an di fok yo wè detay ako a pou yo ka byen konprann enpak li ka genyen.

Gouvènman Britanik la di li resevwa angajman lidè ki reprezante 85% forè mondyal yo pou yo sispann epi ranvèse debwazman anvan ane 2030.

Yo resevwa pwomès pou plis pase $19 milya lajan leta ak lajan prive depanse nan objektif sa a. Peyi tankou Brezil, Chinn, Kolonbi, Kongo, Endonezi, Risi ak Etazini apiye plan sa a.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG