Accessibility links

Breaking News

Apèl Prezidan Biden pou Lidè Mondyal yo Ranfòse Lit kont Chanjman Klimatik yo


Prezidan Joe Biden ki te pran lapawòl nan Konferans l ONU sou Chanjman Klimatik yo (COP26) nan vil Glasgow, Peyi Lekòs, lendi premye novanm 2021 an. (Foto: Yves Herman/Pool via AP).
Prezidan Joe Biden ki te pran lapawòl nan Konferans l ONU sou Chanjman Klimatik yo (COP26) nan vil Glasgow, Peyi Lekòs, lendi premye novanm 2021 an. (Foto: Yves Herman/Pool via AP).

Prezidan Biden lanse bay lidè mondyal yo yon apèl kote l mande yo ranfòse efò y ap fè pou konbat chanjman klimatik yo.

Prezidan Joe Biden, k ap patisipe nan Somè COP26 la -swa somè Nasyon Zini sou Chanjman Klimatik yo, nan vil Glasgow, peyi Lekòs, nan La Grann Bretay- ensiste sou nesesite pou gen aksyon rapid, aksyon nan tèt-ansanm bò kote lidè mondyal yo kont rechofman planèt la. Misye Biden lonje dwèt sou prezidan Larisi ak Lachin, Vladimir Putin ak Xi Jinping respektivman, poutèt yo pa patisipe nan somè a; pou lidè ameriken an, se yon siyn klè ki montre ke ni youn ni lòt pa dispoze pran angajman pou yo konbat chanjman klimatik yo.

Klike sou video ki pi ba a pou plis detay avèk Lyonel Desmarattes.

Premye Jou Somè l ONU sou Chanjman Klimatik yo (COP26) nan Peyi Lekòs.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:26 0:00

XS
SM
MD
LG