Accessibility links

Breaking News

Pitit Pitit Biden Marye nan Lamezonblanch


Maryaj pitit pitit Prezidan Joe Biden, Naomi Biden ak fiyanse li Peter Neal, nan Lamezonblanch, Samdi 19 Nov. 2022.
Maryaj pitit pitit Prezidan Joe Biden, Naomi Biden ak fiyanse li Peter Neal, nan Lamezonblanch, Samdi 19 Nov. 2022.

Pitit pitit Prezidan Joe Biden nan, Naomi Biden marye ak fiyanse li, Peter Neal nan Lamezonblanch Samdi.

Kounyea koup la fè pati yon ti gwoup moun ki marye nan youn nan lye ki gen plis renome Ozetazini.

Foto Achiv: Naomi Biden ak fiyanse li Peter Neal nan defile mod pou sezon oton ak ive modis Ameriken Ralph Lauren nan Nouyok, 22 Mas, 2022.
Foto Achiv: Naomi Biden ak fiyanse li Peter Neal nan defile mod pou sezon oton ak ive modis Ameriken Ralph Lauren nan Nouyok, 22 Mas, 2022.

Koup la marye nan yon seremoni ki dewoule sou Gazon Sid Lamezonblanch la.

Se 19èm maryej ki dewoule nan kay prezidansyèl Ameriken an nan 200 zan listwa li. Li se an menm tan, premye maryaj kote se pitit pitit fi prezidan an ki la marye.

Pitit Pitit Prezidan Joe Biden, Naomi Biden ak fiyanse li Peter Neal, marye sou Gazon Sid Lamezonblanch la, nan Washington, Samdi 19 Nov. 2022.
Pitit Pitit Prezidan Joe Biden, Naomi Biden ak fiyanse li Peter Neal, marye sou Gazon Sid Lamezonblanch la, nan Washington, Samdi 19 Nov. 2022.

Apre maryaj la te gen yon dejene pou nouvo marye yo, fanmi yo ak moun ki te patisipe nan maryaj la.

Nan aswè ap gen yon lot resepsyon kote envite yo va danse epi manje desè.

XS
SM
MD
LG