Accessibility links

Breaking News

Pfizer di Vaksen COVID-19 li Efikas pou Timoun ki Gen Mwenske 5 an


Yon dam ap pwomennen ak ti bebe li devan katye jeneral Pfizer nan Nouyok, Lendi 23 Me, 2022.
Yon dam ap pwomennen ak ti bebe li devan katye jeneral Pfizer nan Nouyok, Lendi 23 Me, 2022.

Yon kont randi responsab sante federal yo di vaksen COVID-19 Pfizer a sanble su e efikas pou timoun ki gen mwenske 5 an. Se sèl gwoup ki poko elijib pou vaksinasyon.

Rapo a, ke Administrasyon Manje ak Medikaman an bay, se yon etap kle nan moman anpil moun ap tann yon desizyon sou vaksen pou ti bebe ak timoun ki poko nan laj pou y'al lekol. Yon desizyon ka vini vè 21 Jyen.

Paran yo ap tann depi plizyè mwa pou pwoteje timoun pitit yo - aprepre 18 milyon moun konsa.

Mèkredi, FDA pral mande yon panèl ekspè vote sou yon rekomandasyon pou vaksen yo.

XS
SM
MD
LG