Accessibility links

Breaking News

OMS: 'COVID Toujou Rete Yon Danje'


Kantite ka COVID-19 ak ka lanmò yo rapòte preske nan nivo ki pi ba li janm rive depi pandemic an te kòmanse dapre deklarasyon direktè jeneral Oganizasyon Mondyal Lasante a Tedros Adhanom Ghebreyesus fè vandredi pase a.

Pandan direktè a tap pale nan Forum Globsec Bratislava a, li bay avetisman pou di li toujou twò bonè pou nou di pandemic an fini. Transmissyon kap ogmante , plis tès ki diminye, an plis gen 1 milya moun ki toujou pa vaksinen; tou sa egal a yon situyasyon danjre.

Chèf OMS la di toujou rete yon danje tout bon vre e yon danje ki la de yon nouvo e mènm plis varian toujou ki ka fè aparisyon yo .

Pandansetan, Minis lasante endyen an rapote yon ti ogmantasyon nan ka COVID-19 yo samdi ki sot pase a avek 3 mil 962 nouvo ka. Sepandan, Vandredi yo konte 4 mil ka pa jou pou premye fwa depi apeprè 3 mwa. Sant Resous Coronavirus John Hopkins nan anrejistre plis pase 43 milyon ka Covid nan peyi End avek 500 mil ka lanmò

Kantite enfeksyon nan mond lan monte rive a plis pase 531 milyon avek 6 milyon 300 mil ka lanmò daprè Johns Hopkins

XS
SM
MD
LG