Accessibility links

Breaking News

Etazini Anile Egzijans Tès COVID-19 pou Vwayajè Entènasyonal yo


Foto Achiv: Pasaje fe tes COVID-19 nan ayewopo Heathrow nan Lond, Anglete, 29 Nov. 2021.
Foto Achiv: Pasaje fe tes COVID-19 nan ayewopo Heathrow nan Lond, Anglete, 29 Nov. 2021.

Administrasyon Biden nan anile egzijans pou touris etranje ki vle antre Ozetazini fè tès COVID-19 24 hè anvan yo monte nan avyon. Desizyon sila a soulaye youn pami dènye egzijans gouvènman Ameriken an te mete an plas pou anpeche pwopagasyon kowonaviris la.

Yon responsab wo plase administrasyon an di egzijans la pral ekspire Dimanch. Responsab la di Sant pou Kontwol ak Prevanson Maladi a detèrmine egzijans la pa nesesè anko.

Responsab la di Vandredi ke CDC a pral re-evalye bezwen ki egziste pou egzije moun fè tès tou le 90 jou e li taka remete'l an plas si yon nouvo varyan vinn parèt e bay traka.

Depi kèk tan, konpayi ayeryèn yo ak gwoup tourism yo te mande administrasyon an elimine egzijans tès la.

XS
SM
MD
LG