Accessibility links

Breaking News

Pfizer di li Pèfeksyone Piki COVID-19 li pou Pwoteje Kont Omicron


Foto Achiv: Yon piki Pfizer kont COVID-19 nan yon klinik nan Chester, Pensilvani, 15 Dec. 2021.
Foto Achiv: Yon piki Pfizer kont COVID-19 nan yon klinik nan Chester, Pensilvani, 15 Dec. 2021.

Pfizer deklare li pèfeksyone vaksen COVID-19 li pou vize pi byen varyan omicron an.

Anons la Samdi, vini kèk jou sèlman anvan kontwolè leta yo fè deba sou si yo ta dwe ofri Ameriken nouvo booster sa yo nan sezon otònn nan.

Vaksan COVID-19 ki disponib sou mache a kounyea ofri bon jan pwoteksyon kont ospitalizasyon ak lanmò. Sepandan pwoteksyon kont enfeksyon bese anpil ak varyan omicron an, e kounyea, kowonaviris la pi transmisib (savledi moun ka trape li pi fasilman).

Pfizer di swa yon booster ki vize varyan omicron an oubyen yon piki ki gen yon melanj vaksen orijinal la ak pwoteksyon kont omicron pral pwoteje moun pi byen kont kowonaviris la.

Konpayi rival Moderna espere ofri yon vaksen konsa tou anvan lontan.

XS
SM
MD
LG