Accessibility links

Breaking News

Doktè Anthony Fauci, Pozitif pou COVID-19


VOA Interviews Dr. Anthony Fauci
VOA Interviews Dr. Anthony Fauci

Enstiti Nasyonal pou Maladi Enfektyez (NIAID), kote Doktè Anthony Fauci se direktè anonse Mèkredi ke konseye prensipal Prezidan Ameriken Joe Biden sou kriz sante, teste pozitif pou COVID-19.

Mesaj la te di ke Anthony Fauci "pral izole tèt li epi kontinye travay lakay la," deklarasyon kontinye poul di ke li pat an kontak ak Prezidan Joe Biden.

Kounye a, Etazini anrejistre plis pase 100,000 nouvo ka COVID-19 pa jou, yon chif ki tou lajman souzèstime dapre ekspè yo. Ogmantasyon ki sot pase a te lye ak sou-varian Omicron nan.

Apeprè 300 moun toujou mouri chak jou akòz maladi a nan peyi Etazini, men otorite lasante yo kounye a mete aksan sou anpil vaksen ki disponib.

XS
SM
MD
LG