"Envestisman nan pwojè gaz fosil sa yo jan yo ye a, ap ogmante risk sosyal ak ekonomik nan mond lan. Epi li gen enpak negatif sou revni eta yo, travay lokal yo, kontribyab yo ak sante piblik," yon deklarasyon tout siyatè yo te fè ansanm pandan konferans klima entènasyonal COP26 la nan vil Glasgow.
Dapre Ajans Enèji Entènasyonal (IEA), pou yo kapab kenbe objektif sa ki se + 1.5 ° C, fok yo ta sispann tout finansman pou nouvo pwojè gaz fosil yo.