Accessibility links

Breaking News

Pase Rapè Travis Scott Soulve Anpil Kestyon Pandan Moun ap Asiyen Oganizatè Konsè Astroworld la


Travis Scott bay yon pefomans premye jounen festival mizik Astroworld la nan stad NRG Park, Vandredi 5 Nov. 2021 nan vil Houston, eta Texas.
Travis Scott bay yon pefomans premye jounen festival mizik Astroworld la nan stad NRG Park, Vandredi 5 Nov. 2021 nan vil Houston, eta Texas.

Pwosè komanse vide mwenske yon semèn apre moun te mouri nan fonse foul la pandan konsè Astroworld la nan vil Houston.

Ekspè legal yo di risk ap ogmante pou juri yo pran yon desizyon kont rapè Travis Scott ak konpayi ki te oganize evenman mizikal kote 8 moun te pèdi lavi yo epi plizyè santèn lot te blese.

Zak Scott te poze nan le pase kote'l te ensite fanatik yo sèvi kom istwa ki taka rann ni pi fasil pou viktim yo asiyen'l pou neglijans.

Malgre ankèt yo fèk louvri, ekspè yo kwè gen plizyè douzèn pwosè ki taka tonbe sou do'l. Domaj yo taka depare dè santèn milyon dola.

Nan mitan pale anpil la, gen Scott - yon rapè ki gen 30 an, ak anpil renome pou fason li konn chofe fanatik yo. Nan le pase misye te plede koupab a akizasyon deli pandan konsè li te bay anvan sa.

"Sa fè tout moun konnen: 'Men sak te pase, e pa gen okenn rezon pou li pa rive anko," John Werner, yon avoka kap travay nan vil Beaumont, eta Texas deklare. Misye pa reprezante okenn moun nan pwosè Astroworld yo. "Yo konnen se yon sityasyon ki ka bay pwoblèm."

Pèfomans Travis Scott la, premye jou festival mizik Astroworld la nan vil Houston, eta Texas, 5 Nov. 2021.
Pèfomans Travis Scott la, premye jou festival mizik Astroworld la nan vil Houston, eta Texas, 5 Nov. 2021.


Gen plis pase yon douzèn pwosè moun ap mennen kont Scott ak plizyè lot konpayi - pami yo Live Nation ( yon gwo konpayi ki oganize konsè) pwomotè ScoreMore, ak yon oganizasyon charite ki jere lye kote festival mizik la tap dewoule a pou vil Houston.

Viktim yo pote plent pou di oganizatè yo pat pran mezi senp pou kontwole foul la, asire te gen ase anplwaye ki tap travay epi aji tou suit lè yo te aprann gen pwoblèm pandan konsè a, kote tout biyè te finn vann alavans, ki tap dewoule nan NRG Park la. Gen 50,000 moun ki te asiste konsè a.

XS
SM
MD
LG