Accessibility links

Breaking News

Omwens 8 Moun Mouri Nan Dezòd ki Pete Pandan Konsè Rappè Travis Scott nan Houston


Travis Scott bay yon pefomans premye jounen festival mizik Astroworld la nan stad NRG Park, Vandredi 5 Nov. 2021 nan vil Houston, eta Texas.
Travis Scott bay yon pefomans premye jounen festival mizik Astroworld la nan stad NRG Park, Vandredi 5 Nov. 2021 nan vil Houston, eta Texas.

Temwen fè konnen foul ki tap asiste yon festival mizik nan vil Houston te sanzatann kouri nan direksyon sèn kote rappè Travis Scott tap chante a.

Fanatik yo rakonte istwa a Samdi maten, kèk hè d tan apre omwens 8 moun te mouri nan dezòd ki pete a.

Sityasyon an te vinn mangonmen Vandredi swa nan Astroworld, yon evenman mizikal ki dire 2 jou, kote yo te finn vann tout biyè yo alavans. Li te dewoule nan stad NRG Park la.

Omwens 8 Moun Mouri Nan Dezòd ki Pete Pandan Konsè Rappè Travis Scott nan Houston
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:55 0:00


Niaara Goods gen 28 an, li di foul la te fonse nan direksyon sen nan le rappe a te komanse chante.

"Osito ke li monte sou sen nan sete tankou si yon eneji te pran kontwol tout bagay epi dezod pete. Sanzatann moun te youn sou lot, yon moun te mete bra'l sou kou'm. M'tap eseye respire mwen m'pat kapab," Niaara deklare nan yon videyo li pibliye sou rezo sosyal.

Li di li telman patka jwenn mwayen pou'l soti nan foul la li te blije mòde yon neg pou fe'l vanse.

Majistra vil Houston nan, Sylvester Turner dekri sak pase a kom trajik.

"u konnen ye swa te trajik sou plizye nivo. E anket la ap pousuiv. Pwobableman nou pral kontinye envestige pandan kek tan pou determine egzakteman kisak pase," Majistra Turner deklare.

Pandan konferans pou la pres, majistra a te bay detay tou sou viktim yo.

"Dapre enfomasyon nou genyen gen 8 moun ki mouri ye swa. Youn gen 14 zan. Youn gen 16 zan. 2 gen 21 an. 2 gen 23 zan. Youn gen 27 an. E yon lot nou poko finn determine pou kounyea. Donk gen yon total 8 moun ki mouri," majistra a deklare.

Rappè Travis Scott pibliye yon mesaj sou kont ofisyèl Twitter li a kote li prezante ekskiz li bay fanatik yo epi remesye lapolis ak ponpye kite vinn pote sekou.

"Mwen konplètman devase apre sak pase yè swa. Map lapriyè pou fanmi viktim yo nan festival Astroworld la. Lapolis Houston gen tout sipo mwen pandan yap kontinye envestige," Travis Scott deklare. Li aoute: "Mwen pran angajman pou'm travay ak kominote Houston nan pou apiye fanmi ki nan bezwen yo. Mesi lapolis, mesi depatman ponpye Houston, NRG Park pou repons rapid yo ak sipo yo. Mwen renmen nou."

Fanatik yo nan konsè Travis Scott la kouri nan zon VIP a anvan rappè a te monte sou sèn nan, nan festival mizik Astroworld la nan vil Houston, eta Texas.
Fanatik yo nan konsè Travis Scott la kouri nan zon VIP a anvan rappè a te monte sou sèn nan, nan festival mizik Astroworld la nan vil Houston, eta Texas.


Omwens 50,000 moun te asiste konsè a. Li poko klè kisak te lakoz foul la te komanse kouri.

XS
SM
MD
LG