Accessibility links

Breaking News

Pap Francois: Rejte Divizyon, Eseye Diyalog Pou Geri Mond lan


Pap Francois bay mesaj tradisyonel Fet Nwel Urbi et Orbi a sou balkon Bazilik Sen Pierre la nan Vatikan an, 25 Dec. 2021.
Pap Francois bay mesaj tradisyonel Fet Nwel Urbi et Orbi a sou balkon Bazilik Sen Pierre la nan Vatikan an, 25 Dec. 2021.

Pap Francois, nan mesaj li pou fèt Nwèl la kritike divizyon kap ogmante pi plis chak jou nan mond lan. Li di divizyon sa a egizte non selman nan relasyon pèsonèl men tou nan relasyon entènasyonal yo. Pap la di se diyalog sèlman ki ka rezoud konfli - soti depi nan zizani nan mitan fanmi pou rive nan menas lagè.

Nan mesaj tradisyonèl "Urbi et Orbi" a (savledi pou vil la ak mond lan) souvren pontif la lanse apèl bay popilasyon an ak lidè mondyal yo pou yo pale youn ak lòt olye yo kwaze bra yo epi rete enfleksib. Pap Francois di divizyon sa a vin pi rèd akoz pandemi COVID-19 la.

XS
SM
MD
LG