Minis defans ameriken an, Leon Panetta, deklare lanmò kèk lidè rezo al-Kayda sa pa gen lontan, fè l vin pi difisil pou gwoup teworis yo lanse atak sou grand’echèl a letranje.
Misye Panetta fè deklarasyon sa a 2 ou 3 jou sèlman aprè yon avyon telegide ameriken te touye yon lidè relijye radikal ki te pran nesans Ozetazini, an palan de Anwar al-Awliki, ki te yon gwo dirijan nan al-Kayda, avèk Samir Khan, yon ameriken ki te pran nesans nan Pakistan.
Samir Khan te redaktè an chèf yon magazin ki parèt sou entènèt la e ki fè pwopagann ann anglè pou rezo al-Kayda.