Accessibility links

Breaking News

Pakistan Deside Re-egzaminen Relasyon Li Avèk Etazini


Pakistan Deside Re-egzaminen Relasyon Li Avèk Etazini
Pakistan Deside Re-egzaminen Relasyon Li Avèk Etazini

Pakistan fè konnen li gen plan rekonsidere tout relasyon li ak Etazini e ak l'OTAN kòm reyaksyon pou yon atak aeryen Òganizasyon Trete Atlantik Nò a lanse douvan-jou nan nòwès tèritwa pakistanè a samdi 26 novanm nan.

Premye-minis pakistanè Yousouf Raza Gilani fè yon reyinyon prese-prese sou ensidan an, nan finisman jounen an avèk dirijan militè wo-plase e ak lidè nan gouvènman sivil la nan Islamabad.

Nan yon kominike yo pibliye, otorite yo kondane atak l'OTAN sou 2 pòs-kontwòl nan nò-wès Pakistan, kote 26 sòlda pou pipiti pèdi lavi yo e 14 lòt blese, e yo fè konnen atak sa a pa ka fèt pa erè.

Kòm reyaksyon apre ensidan an, Pakistan fèmen fwontyè li pataje ak Afghanistan an; sa ki vle di li koupe wout ravitayman twoup l’Otan yo konn itilize pou transpòte materyèl nan anklav vwazen an, e yo òdone Etazini pou l kite yon baz avyasyon militè ki soulve gwo pawòl anpil.

Otorite yo di te genyen apeprè 40 sòlda nan pòs la.

XS
SM
MD
LG