Accessibility links

Breaking News

Pap Gen Twalèt Pou Ekipaj SpaceX la, Yap Blije Mete Kouchèt

Nan foto sa a ke la NASA pataje, astwonot Mark Vande Hei, Shane Kimbrough, Akihiko Hoshide ak Megan McArthur pose pou yon foto pandan yap kenbe piman yo elve nan stasyon spasyal entenasyonal la ISS, 5 Nov. 2021.

Astwonòt ki pral vwayaje nan Stasyon Spasyal Entenasyonal la (ISS) Dimanch pral blije mete chouchèt sou yo lè yap tounen sou planèt tè a.

Poukisa? Eben se paske tawlèt navèt spasyal SpaceX la kraze. Astwonòt la NASA Megan McArthur deklare se youn nan defi limenm ak lot astwonòt yo te blije leve pandan misyon yo a ki dire 6 mwa.

La NASA (Ajans Spasyal Etazuni an) ak SpaceX deside Vandredi pou'l mennen McArthur ak 3 lot manm ekipaj la tounen sou planèt tè a anvan li voye ranplasan.

Lansman an deja ranvwaye pou yon semèm akoz move tan ak yon pwoblèm medikal ki pat grav ki te vinn soulve pami yon manm ekipaj la.

SpaceX ak la NASA vize kounyea Mèkredi swa pou pwochen lansman an.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG