Accessibility links

Breaking News

La NASA ak SpaceX Retade Vòl nan Stasyon Spasyal la Akòz Move Tan


A SpaceX Falcon 9 lifts off with four private citizens at the Kennedy Space Center in Cape Canaveral, Fla., Sept. 15, 2021.
A SpaceX Falcon 9 lifts off with four private citizens at the Kennedy Space Center in Cape Canaveral, Fla., Sept. 15, 2021.

La NASA ak SpaceX ranvwaye pou Mèkredi dekolaj fize ki te dwe transpòte 4 astwonòt nan Stasyon Spasyal Entènasyonal la akoz yon move tan ki te prevwa pou samdi.

Ekipaj misyon "Crew-3" a te sipoze dekole dimanch abò kapsil Crew Dragon nan ki rele "Endurance". Li konekte ak fize Falcon 9 la, ki soti nan sant spasyal Kennedy a nan eta Florid.

Lansman ap pral finalman fèt Mèkredi a 1:10 am nan lè lokal (5:10 GMT), "Crew-3 ap rive nan stasyon espasyal la menm swa a vè 11:00 pm (03:00 GMT Jedi)," daprè sa la NASA di.

Misyon sa a gen kòm objektif pou ramplase astwonòt SpaceX Crew-2 yo ki te ale nan stasyon ISS la nan mwad Avril la. Seki on astwonòt fransè ki rele Thomas Pesquet ki direktè misyon sa a.

Si lansman an vin enposib pou mèkredi, gen "yon posibilite pou yo ale pito jedi 4 Novanm lan, dapre sa SpaceX di sou sit entènèt li a.

Foto Achiv: PDG Tesla a Elon Musk pandan yon diskou nan vil Hawthorne, eta Kalifoni.
Foto Achiv: PDG Tesla a Elon Musk pandan yon diskou nan vil Hawthorne, eta Kalifoni.

Crew-3, se twazyèm misyon nòmal SpaceX la, ki fè pati on kontra pou plizyè milya dola ajans Ameriken an te siyen ak konpayi prive Elon Musk la apre li te sispann pwòp pwogram navèt spasyal pa li a an 2011.

Ekipaj Crew-3 a pral pase sis mwa nan òbit terès la epi fè rechèch ki vize pou fasilite eksplorasyon espas la.

Misyon Crew-3 a gen ladann yon eksperyans pou elve plant nan espas la san yo pa sèvi ak tè. Yon lòt misyon gen pou objektif pou fabrike fib optik nan mikrogravite, ki, dapre rechèch ki deja fèt, ta ka gen yon kalite siperyè pase sa ke nou genyen sou Latè.

© Ajans France-Presse

XS
SM
MD
LG