Accessibility links

Breaking News

Etazini Dakò pou Boeing Lanse yon Rezo Satelit ki Pral bay Entènèt Nan Lespas


INDIA-CICLON
INDIA-CICLON

Komisyon Federal Kominikasyon an (FCC) fè konnen li apwouve lisans ayewospasyal Boeing lan.

Ak lisans sa yo, yo kapab "konstwi, deplwaye, ak opere yon konstelasyon satelit" ki pral "bay bande ak sèvis kominikasyon rezidansyèl, komèsyal, enstitisyonèl, gouvènmantal, ak itilizatè pwofesyonèl yo nan Etazini ak mond lan ."

FCC te bay Boeing limyè vèt la pou lanse 147 satelit - yon vas majorite nan satelit sa yo pral nan òbit ki pi ba a. Yap mete 132 nan yon altitid apeprè 600 mil (1,000 km), ak 15 ki ap apeprè 17,000 ak 27,000 mil.

Sèvis la ap disponib pou kliyan Ozetazini yo avan epi apre atravè res mond lan.

Anpil lòt konpayi deja gen pwojè konstelasyon satelit. Chèf konpayi SpaceX Elon Musk, ki deja mete plis pase 1,500 satelit sou òbit la pou kreye rezo Starlink, e Jeff Bezos fondtè Amazon lan gen yon pwojè menm jan an ki rele Kuiper.

XS
SM
MD
LG