Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Otorite Federal yo Fèmen Sit Entènèt Megaupload


Anplwaye Megaupload.com Bram van der Kolk, Finn Batato,, Mathias Ortmann Kim Dotcom (AP Photo/Greg Bowker, New Zealand Herald)
Anplwaye Megaupload.com Bram van der Kolk, Finn Batato,, Mathias Ortmann Kim Dotcom (AP Photo/Greg Bowker, New Zealand Herald)

Isit Ozetazini , otorite federal yo fèmen yon sit entènèt ki rele Megaupload e yo akize fondatè li a ak 6 lòt moun dèske yo ta vyole lwa sou pirataj.

Fondatè Megaupload la, Kim Dotcom, te jwenn arestasyon n nan Nouvèl Zeland jedi 19 janvye 2012 la avèk 3 lòt gwo responsab sit la, sou demand otorite ameriken yo. 3 lòt manm ki anba menm akizasyon an antre nan mawon.

Yon deklarasyon Depatman jistis ameriken ak FBI fè, di aksyon sa a se youn nan pi gwo zak kriminèl nan kesyon dwa dotè ki janm rive Ozetazini. Si lajistis jwenn akize yo koupab, yo kapab pase plis pase 20 tan nan prizon .

Otorite yo di aksyon responsab sit entènèt Megaupload la koute moun k ap defann dwa-dotè yo plis pase 500 milyon dola .

XS
SM
MD
LG