Accessibility links

Breaking News

Ouvèti Nouvo Sesyon nan Chanm Bass Palman Afgan an


Prezidan afgan an Hamid Karzai (mitan)
Prezidan afgan an Hamid Karzai (mitan)

Prezidan Afghan an, Hamid Karzai pare pou l louvri yon nouvo sesyon nan chanm bass nan palman an mèkredi 26 janvye 2011 la, malgre apèl li te lanse pou retade ouvèti sesyon an.

Mesye Karzai te dakò pou l fè rankont pou prestasyon sèman an nan kòmansman semèn nan aprè presyon ki soti bò kote Nasyonzini, Lezetazini ak lòt jwè enpòtan yo.

Prezidan an mande palmantè yo pou yo tann yon lòt mwa ankò, li di yon tribinal espesyal bezwen plis tan pou l mennen ankèt sou plent ki depoze pou fwòd ki te swadizan genyen nan eleksyon 18 septanm yo.

Palmantè yo menase pou yo reyini palman an avèk ou san apwi prezidan Afghan an. Yo di tribinal Prezidan Karzai mete an plas la pa konstitisyonèl.

XS
SM
MD
LG