Accessibility links

Breaking News

Konsèy Nasyonal Tranzisyon Libyen an ap fè fas ak Defi Politik e Militè


Konsèy Nasyonal Tranzisyon Libyen an ap fè fas ak Defi Politik e Militè
Konsèy Nasyonal Tranzisyon Libyen an ap fè fas ak Defi Politik e Militè

Otorite pwovizwa libyen an ap fè fas ak defi politik e militè, pandan konbatan yo rankontre ak gwo rezistans nan dènye pozisyon ki anba kontwòl ansyen lidè Moammar Kadhafi a. Padansetan, lidè yo nan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an (KNT) ranvwaye dat pou yo anonse fòmasyon yon nouvo gouvènman.

Konbatan volontè KNT yo te kouri an dezòd nan bouk dezè Bani Walid lè twoup ki anfavè Kadhafi yo te atake pozisyon yo ak mòtye e ak atak tirè an chat pent.

Twoup otorite pwovizwa a ki resevwa antrènman te rale bak apre yo pat reyisi pran Bani Walid nan batay yo te mennen anvan sa a. Volontè ki te chwazi pou yo rete devan liy atak la te anba gwo kout zam pandan jounen dimanch 18 septanm nan.

XS
SM
MD
LG