Accessibility links

Breaking News

Otorite Meksiken Anile Spektak Ricky Martin an


Foto Achiv: Ricky Martin a goch ak chantez Camila Cabello pandan seremoni remiz pri Grammy a nan Los Angeles, 10 Fevriye 2019.
Foto Achiv: Ricky Martin a goch ak chantez Camila Cabello pandan seremoni remiz pri Grammy a nan Los Angeles, 10 Fevriye 2019.

Otorite yo nan yon eta nan sant peyi Meksik kote sa gen 2 sem èn zak vyolans te dewoule pandan yom match foutbol epi koze plizyè santèn blese, anile Vandredi swa, konsè atis Potoriken Ricky Martin te sipoze bay. Rezon otorite yo bay se ke pat gen ase sekirite pou pwoteje moun kap asiste konsè a.

Sispansyon spektak chantè fèt kèk hè d tan anvan li te sipoze monte sou sèn nan nan Clup Hipico Juriquilla de Queretaro, kote dè milye fanatik atis la te byen vekse akoz anilasyon an.

Vè minwi, Pwoteksyon Sivil Queretaro a anonse nan yon video ke li pibliye sou Twitter kote li di anilasyon evenman sa a te fèt apre yo te konstate yo pat konfome ak mezi sekirite pwoteksyon sivil egzije a. Li presize pwosesis lojistik ak operasyon yo bay pwoblèm.

Spektak Ricky Martin an tonbe nan kad vire won "Movimiento" li a ke tanmen mwa sa a nan divès vil peyi Meksik, pami yo kapital Meksikèn nan, Monterrey, Guadalajara epi Veracruz.

XS
SM
MD
LG