Accessibility links

Breaking News

Ostrali Depòte Djokovic Akoz li Pa Vaksinen kont COVID-19


Jwe tenis Seb Novak Djokovic (mitan) nan yon machin pandan lap kite sant detasyon gouvenman Ostralyen an nan vil Melbourne, Ostrali, 16 Janvye, 2022.
Jwe tenis Seb Novak Djokovic (mitan) nan yon machin pandan lap kite sant detasyon gouvenman Ostralyen an nan vil Melbourne, Ostrali, 16 Janvye, 2022.

Novak Djokovic pati kite Ostrali apre li pedi opòtinite pou'l rete nan peyi a pou defann tit chanpyon Open tenis Ostrali a akoz li pa vaksinen kont COVID-19.

Djokovic te gen mask li lè fotograf yo pran pòtre li nan sal d'atant ayewopò Melbourne la Dimanch. Gen 2 responsab gouvènman an ki te gen inifòm nwa sou yo ki te akonpaye'l anvan li te pran avyon pou'l al Dubai.

Li poko klè ki kote misye prale apre sa. Pami posibilite yo gen Espay, Monaco oubyen peyi natif natal li Sèrbi.

Nimewo 1 tenis mondyal la te pase 10 jou an karantèn nan peyi Ostrali apre yon gwo dram sou kestyon stati vaksinasyon li ki te vekse Ostralyen yo nan moman kote peyi sa a ap eseye jere yon gwo ogmantasyon nan ka enfeksyon kowonaviris yo ki soulve pale anpil toupatou nan mond lan.

XS
SM
MD
LG