Accessibility links

Breaking News

COVID-19/Depòtasyon: Novak Djokovic Genyen Pwosè a


NOVAK DJOKOVIC
NOVAK DJOKOVIC

Nimewo 1 tennis mondyal Novak Djokovic genyen pwosè li pou anpeche Ostrali depòte l akoz regleman strik sou vaksinasyon nan peyi a.

Fanatik Djokovic yo selebre jodia devan yon otèl imigrasyon nan Melbourne kote otorite yo te kenbe jwè a. Jij nan Tribinal Federal Anthony Kelly deklare desizyon gouvènman Ostrali pou anile viza Djokovic la pa rezonab.

Jij la ajoute ke yo pat bay vedèt tennis peyi Sèbi a ase tan pou l pale ak òganizatè tounwa yo oubyen ak konseye legal li yo apre yo te kenbe l mèkredi pase nan yon aewopò nan vil Melbourne, yon tretman ke yo konn bay moun ki nan peyi a ilegalman dapre lwa peyi a.

Djokovic di li te trape COVID nan mwa Desanm pase, sa ki te ba l dwa pou l aplike pou l pa pran vaksen.

XS
SM
MD
LG