Accessibility links

Breaking News

Rebèl Atake Misyon Lapè l’ONU an nan RDK. Bilan: 12 “Casque Bleus” Mouri.


Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Antonio Guterres, ki tap pale nan New York.
Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Antonio Guterres, ki tap pale nan New York.

Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Antonio Guterres, fè konnen li vekse anpil apre li fin resevwa nouvèl kiaple de atak enkonu lanse sou fòs mentyen lapè l'ONU yo nan Republik Demokratik Kongo (RDK) kote o-mwen 12 kask-ble peyi Tannzani mouri tandiske 40 lòt manm fòs la blese. Misye Guterres deklare:

“ Sa ak tout fòs mwen kondane atak sa a. Kalte atak fèt-eksprè e san gade dèye sa yo sou fòs mentyen lapè l'ONU yo, se yon bagay ki innakseptab e sa reprezante yon krim de gè. “

Chèf Oganizasyon Nasyon Zini an fini pa di atak la te rive byen ta nan jounen yè jedi a nan pwovens Kivou, nan pati nò peyi a, kote k genyen anpil vyolans kap fèt pou rezon politik. Misye Guterres ajoute:

“Nan istwa resan Oganizasyon Nasyon Zini, se atak ki pi tèrib ki fèt sou fòs mentyen lapè yo.”

Sèkèy ki te genyen kadav 9 sòlda l'ONU ki te pèdi lavi yo nan Repiblik Demokratik Kongo nan mwa fevriye 2017.
Sèkèy ki te genyen kadav 9 sòlda l'ONU ki te pèdi lavi yo nan Repiblik Demokratik Kongo nan mwa fevriye 2017.

Yon ofisyèl l’ONU ki pale ak Lavwadlamerik fè konnen atak la fèt sou yon avan-pòs misyon an genyen nan Baz Semuliki, nanpeyi Mali, e sanble atakan yo se manm yon gwoup rebèl ougandè ki rele “Fòs Zalye Demokatik” (ADF) ki aktif anpil nan rejyon an e ki tea take ajan l’ONU yo deja nan le pase.

"Casques bleus" sa yo te fè pati yon fòs entèvansyon espesyal ki baze nan pati rejyon lès peyi Kongo. Misyon Lapè l’ONU an nan Repiblik Demokratik Kongo (MONUSCO) fè konnen pami viktim yo genyen omwen 5 sòlda kongolè e pami fòs ki tap batay yo te genyen eleman yo sispèk kòm manm gwoup rebèl ougandè a, ajan MONUSCO ak sòlda kongolè.

XS
SM
MD
LG