Accessibility links

Breaking News

OMS Rekonsidere Deklare Varyòl Senj yon Ijans Global


 HEALTH-MONKEYPOX/
HEALTH-MONKEYPOX/

Oganizasyon Mondyal Lasante, OMS, oganize yon rankont komite ijans li pou dezyèm fwa nan kèk semèn pou diskite si li te dwe deklare epidemi varyòl senj la yon kriz global.

Gen savan ki di gwo diferans ki egziste nan epidemi yo konstate ann Afrik ak nan peyi endistriyalize yo pral konplike nempòt ki repon kowodone yo ta vle lanse e petèt agrave fay ki egziste ant moun defavorize yo ak moun rich yo.

Men responsab Afriken yo di yo deja ap trete epidemi pa yo a tankou yo ijans. Ekspè nan lòt peyi di vèsyon mwen grav varyòl senj la ann Ewòp ak Amerik di Nò vle di li pa nesesè pou deklare yon ijans.

Sepandan Etazini, Angletè, Canada, ak lòt peyi achte dè milyon vaksen. Okenn nan vaksen sa yo pa rive jwenn Afrik.

XS
SM
MD
LG