Accessibility links

Breaking News

Kanada Gen Kè Sote pou Varyol Senj


Cacar monyet merebak di Bakouma di bagian timur Afrika Tengah (courtesy: FB/Dieudonne Assanah)
Cacar monyet merebak di Bakouma di bagian timur Afrika Tengah (courtesy: FB/Dieudonne Assanah)

Ajans sante publik Kanada pibliye yon kominike byen ta mèkredi swa pou fè konnen li konnen gen kèk ka Varyol Senj an Ewop e lap kontwole sitiyasyon an e li ajoute yo pako rapòte oken ka kounye a.

Varyol senj la ki rive pou pi fò nan Lwès ak nan sant Afrik se yon enfeksyon viral ki ra menm jan ak saranpyon malgre li pi modere. Se te nan republic demokratik Congo ke yo te premye anrejistre li nan lane 1970 yo. Kantite ka nan Afrik de Lwès yo ogmante nan dènye 10 zan ki pase yo.

Pami sentòm li bay yo se la fiev, tèt fè mal gratèl ki komanse nan figu epi li gaye nan tout kò a .

Ajans Massachusetts la di virus la pa gaye fasil ant moun ak moun, men transmisyon an ka fèt nan kontak avek likid kò a tankou nan krache oubyen blesi, oubyen goutelèt respirasyon aprè kontak prolonje fas-a-fas.

Li fè konnen yo pa ko idantifye okenn ka Varyol Senj la nan Etazuni ane sa a . Texas ak Maryland, yo chak te rapote yon ka nan lane 2021 apre vwayaj ki fèt nan Nigeria.

CDC di li retrase divès gwoup “Varyol senj la “ nan plizyè peyi pami yo Portugal, Espay ak Wayom uni nan 2 semèn ki pase yo

Byen bonè mekredi ki sot pase a otorite pòtugè yo di yo te idantifye 5 ka enfeksyon an e sèvis lasante espay nan di yo te teste 5 ka potential apre la grand bretay te mete Ewop sou eta dalet pou virus la.

Responsab Lasante ewopeyen yo ap kontwole nenpot deklencheman malady a depi Grand

Bretay te rapote premye ka li nan dat 7 Me pase e li te jwenn 6 lot ka nan peyi a depi lè sa a.

XS
SM
MD
LG