Accessibility links

Breaking News

Kriz Politik Venezyela Domine Somè Oganizasyon Peyi Amerik yo (OEA) nan Cancun, Meksik


Manifestan kont gouvènman Venezyelyen an devan syèj Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) nan Washington pandan yon reyinyon espesyal nan Konsèy pèmanan an sou kriz politik la o Venezuela a. 3 avril 2017. Foto: AP/ Jose Luis Magana)
Manifestan kont gouvènman Venezyelyen an devan syèj Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) nan Washington pandan yon reyinyon espesyal nan Konsèy pèmanan an sou kriz politik la o Venezuela a. 3 avril 2017. Foto: AP/ Jose Luis Magana)

Nan monan reprezantan Ameriken an tap mande OEA pou l montre lap fè travay li, delege Venezuela a, bo kote pal, te akize Lèzetazini kònkwa li gen je sou resèv petwòl peyi li a.

Kriz politik nan peyi Venezuela a te domine aktyalite nan rankont 3 jou Asanble Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) sitou nan jounen madi 20 jen 2017 la nan moman yon gwo lapli tap tonbe sou vil Cancun o Meksik.

Minis afe etranje 34 nasyon manm OEA yo pat rive tonbe dako sou yon deklarasyon tèt kole pou konnen kijan yo ta pral ede ekilibre peyi Amerik di Sid la an palan de Venezuela, kote depi kèk mwa, manifestasyon kont gouvenman Nicolas Madula ap dewoule san pran souf, e ki lakoz plis pase 70 moun mouri.

Nan mwa pase yo, yon pwopozisyon ki te prezante nan yon espesyal rankont sou peyi Venezuela nan syèj OEA nan Washington, te mande pou mete sou pye yon “kontak gwoup” repwezantan pou travay ak dirijan pati sosyalis la pou pemèt lapè ak règ demokrasi a retounin nan peyi sa a.

Reprezan Etazini an nan OEA, John Sullivan, deklare “Sa se yon moman defi pou òganizasyon an ki dwe bay prèv ke lap fè travay li kom sa dwa.” Sekretè Sullivan ajoute, “ Si nou pa ka fè pa senp sa a, nou diminye seryezman kapasite pou nou avanse antan ke yon òganizasyon.”

Bò kote pal, minis afè etranjè Venezuela a, Delcy Rodrguez, akize peyi Etazini komkwa lap chache entèvansyon poul kapab fè benefis nan resèv petwòl peyi li a. Mesye Delcy deklare: “Mwen panse ke sèl fason [Etazini] ka fè sa yo vle se avèk Marin yo, ki ta va kontre ak yon repons efikas nan men Venezuela.

Kriz politik nan peyi Venezuela a te domine pwogram Asanble Jeneral OEA san bliye anpil lòt defi ki te deja sou tab diskisyon an tankou trafik dwog, imigwasyon illegal, opòtinite pou fanm e latriye.

XS
SM
MD
LG