Accessibility links

Breaking News

Odyans sou Plent Kont Administrasyon Trump Paske li Elimine TPS pou Ayisyen yo sou 2è Jou l


Haitian immigrants and supporters rally to reject DHS Decision to terminate TPS for Haitians, at the Manhattan borough in New York, U.S., November 21, 2017. REUTERS/Eduardo Munoz - RC1ABB9C78E0
Haitian immigrants and supporters rally to reject DHS Decision to terminate TPS for Haitians, at the Manhattan borough in New York, U.S., November 21, 2017. REUTERS/Eduardo Munoz - RC1ABB9C78E0

Yon group militan trennen administrasyon Donald Trump la nan tribinal poutèt li te mete fen nan pwogram Estati Pwoteksyon Tanporè pou imigran ayisyen ak plizyè lòt peyi. Plizyè ekspè ankouraje ayisyen yo mete presyon sou administrasyon an pou fòse l retounen sou desizyon an k ap antre an aplikasyon an jiyè 2019.

Avoka ameriken Steve Forester ankouraje imigran ayisyen ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè yo Ozetazini pou vin fè tande vwa yo devan tribinal New York la kote yon jij federal pral deside si wi ou non administrasyon Donald Trump la vyole yon atik nan Konstitisyon an sou egalite tout moun genyen devan lalwa. Selon Steven Forester, kowòdonatè Politik Enstiti Migrasyon pou Jistis ak Demokrasi ann Ayiti pwosè sa a kapab dire 4 jou.

Anbasadè ayisyen an nan Washington Paul Altidore ankouraje ayisyen konsène yo gen asetan pou regularize estati yo avan delè a rive. Gen plizyè milye ayisyen ki te benefisyè pwogram Estati Pwoteksyon Tanporè deja regilarize estati yo menm avan anons administrasyon an te fè pou l mete fen nan pwogram TPS pou ayisyen an yo ann Novanm 2017.

Responsab Rezo Nasyonal Dwa ak Defans Ayisyen (RNDDH) Pierre Esperance, ki te asiste seremoni prestasyon sèman nouvo palman ameriken an li te abòde kesyon an TPS la ak kèk manm Kongrè a pandan rankont li te genyen ak yo semen pase a. Selon Pierre Esperance genyen yon dinamik tou nèf nan 116 Kongrè ameriken an sou dosye sa a.

Plizyè ofisyèl ameriken gen pou temwaye nan pwosè a pou eksplike rezon yo kwè ayisyen sa yo dwe kite peyi a apre 22 jiyè 2019. An plis de Ayiti, administrasyon Donald Trump la mete fen nan pwogram TPS pou sitwayen Soudanè, Onduryen, Nikaragweyen, Salvadoryen.

XS
SM
MD
LG