Accessibility links

Breaking News

Kanada Depòte Plizyè 100 Tèn Imigran San Dokiman Pami yo 53 Ayisyen


Imigran ayisyen ki sou fowntyè Etazini pataje ak Kanada nan zòn Champlain, New York, Etazini 3 out 2017. REUTERS/Christinne Muschi.
Imigran ayisyen ki sou fowntyè Etazini pataje ak Kanada nan zòn Champlain, New York, Etazini 3 out 2017. REUTERS/Christinne Muschi.

Gouvènman Kanada a ekspilse anviwon 400 etranje pami yo 53 ayisyen an ki te travèse fwontyè a ilegalman pou al chache azil politik sou teritwa li. Chif sa a reprezante yon fraksyon sou yon total plis pase 32 mil imigran etranje pifò nan yo se ayisyen ki te travèse fwontyè Etazini pataje ak Kanada ant avril 2017 a Out 2018.

Plizyè milye imigran ki tap viv Ozetazini san dokiman legal te janbe fwontyè pou antre Kanada, apre Depatman Sekirite Teritwa ameriken nan mwa me 2017 la anonse yo pral mete fen nan pwogram estati pwotessyon tanporè, TPS ,la pou anpil nan imigran sa yo ki tap viv ak li la depi sou Prezidan Barack Obama.

Nouvèl yo fè kwè gen anviwon 50.000 ki gen TPS e ki ap espire definitivman an jiyè 2019 e yo te kite Ayiti apre kokenn goudou-goudou an 2010, e te pwolonje l plizyè fwa. TPS bay moun ki enskri ladann opòtinite pou yo jwenn pèmi travay.

XS
SM
MD
LG