Lidè sou tout planèt la byen akeyi demisyon demisyon prezidan ejipsyen an, Hosni Mubarak , vandredi 11 fevriye 2011 la nan moman sitwayen òdinè deside pote kole ak selebrasyon pèp Ejipt la. Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki Moon, aplodi desizyon mesye Mubarak la, kote li di yo tande vwa pèp-la.
Chèf L'ONU an fè manifestan ejipsyen yo konpliman deske yo egzèse dwa yo kourajezman, pasifikman e nan lòd. Yo deklare: "Nou lanse apèl bay tout pati konsène yo pou kontinye nan menm espri a. Nasyonzini pare pou l bay konkou li nan pwosesis la."
Selebrasyon yo gaye soti an Ejipt pou rive jis nan Tunizi, kote tunizyen klaksonnen otomobil yo nan tout lari.
Minis afè etranjè union ewopeyèn nan, Catherine Ashton, di li respekte desizyon Prezidan Mubarak pran pou l demisyone. Madam Ashton lanse apèl pou yo akselere dialòg ki pral kreye yon gouvènman ki respekte aspirasyon pèp ejipsyen an.
Isit Washington, prezidan ameriken an, Barack Obama, ki te abòde dosye Ejipt la nan lamezon blanch, fè konnen bagay yo pap janm retounen ankò jan yo te ye a nan peyi Ejipt.
Prezidan an di : "Pèp ejipsyen an pale, e yo tande vwa l, Ejipt pap janm retoumen nan menm bagay ankò. Lè Prezidan Hosni Mubarak bay demisyon li a, li bay pèp ejipsyen an satisfaksyon, paske li te grangou pou chanjman. Sepandan, sa pa reprezante finisman tranzisyon an an Ejipt, se pito yon kòmansman."
Prezidan ameriken-an pwomèt tou pou l pa lage pèp ejipsyen an pou kont li nan moman sa a. Li pale pou l di: "Lèzétazini pral kontinue rete yon yon zanmi e yon patnè pou Ejipt. Nou pare pou n bali nepòt ki asistans li ta bezwen, men nou mande pou yo rapousuiv chemen demokrasi a."
Bo kote pa l, premye minis britanik la David Cameron mande pou Ejipt pran chemen yon gouvènman demokratik alòske chanselye alman Angela Merkel konsidere desizyon mesye Mubarak la kòm yon chanjman istorik pou Ejipt, e prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy limenm mande pou eleksyon lib e onèt dewoule nan peyi a.