Accessibility links

Breaking News

Nouvo Majistra Nouyòk la Ankouraje Reziyans Fas ak Pandemi a


Nouvo Majistra vil Nouyok Eric Adams k'ap tann tren souteren kap mennen'l nan Otel de Vil la premye jounen travay li nan Nouyok, Samdi 1 Janv. 2022.
Nouvo Majistra vil Nouyok Eric Adams k'ap tann tren souteren kap mennen'l nan Otel de Vil la premye jounen travay li nan Nouyok, Samdi 1 Janv. 2022.

Nouvo majistra vil Nouyòk la pwomèt pou'l gide pi gwo vil peyi Etazini an pou ede'l soti nan pandemi a. Se konsa Eric Adams ankouraje sitwayen yo sèvi ak reziyans yo pou fè sa. Li pwomèt yon gouvenman ki fonksyone pi byen, menm si li pa radikalman diferan ak sak te vinn anvan li an.

Adams prete sèman Samdi nan Times Square nan moman vil la tap fete joudlan. Nan diskou li apre envestiti li, misye te pwomèt sitwayen yo yon gouvènman ki pi efikas. Li di moun Nouyòk gen repitasyon poutèt yo pa nan rans ak pèsonn. Li ankouraje 9 milyon sitwayen vil la tou, pou yo pran angajman pou yo pa kite kriz pandemi a kontwole lavi yo pandan nouvo ane 2022 a.

XS
SM
MD
LG