Accessibility links

Breaking News

Nouvèl sou Ayiti, Etazini, ak Rès Mond la


Foto glòb la
Foto glòb la

Ann Ayiti:

Lendi 13 Janvye 2020 an, palman ayisyen an ap disfonksyonèl lè manda tout chanm depite a ak omwen yon tyè Sena a ap ekspire. Sepandan, gen gwo deba k ap fèt si wi ou non manda yon lòt tyè Sena a pa ta dwe ekspire tou. Ekspè legal, senatè konsène yo gen opinyon diferan sou kesyon sa a.

Jude Charles L Faustin, konseye Prezidan Jovenel Moise, ki t ap pale nan yon estasyon radyo di lidè ayisyen an ap konstate ekspirasyon manda palmantè yo. Chèf leta a ap gen pou l pwononse yon diskou pou l abòde kesyon an. Konseye a rann palmantè yo responsab absans nouvo lejislati a poutèt yo pat vote bidjè a ki te gen lajan pou te òganize eleksyon yo ann Oktòb 2019.

Etazini-Politik

Isit Ozetazini, chanm dè reprezantan an vote yon rezolisyon ki egzije pou Prezidan Donald Trump jwenn dizon kò lejislatif ameriken an anvan pou l ta pran aksyon militè kont Iran. Kongrè a ki vote ak 224 pou e 194 vwa kont pou pase mezi a ak apui yon ti ponyen Repibliken ki pote kole ak Demokrat yo. Rezolisyon sa a gen pou wè dirèkteman ak asasinay sible jeneral iranyen Qassem Soleimani.

Anpil Demokrat mete ak kèk grenn Repibliken pou di yo pa fin satisfè nèt ak eksplikasyon administrasyon Prezidan Donald Trump la te bay sou lè li te chwazi pou touye kòmadan gad revolisyonè iranyen an. Mezon Blanch pibliye yon deklarasyon pou di prezidan an gen pou devwa pwoteje enterè ak pèp ameriken an kont teworis.

Aksidan Avyon ann Iran

Fòs Sekirite yo ak travayè Kwasan Wouj yo ki sou sit kote Avyon Ikrèn Airlines la te kraze a, apre li te fin dekore nan ann Iran nan ayewopò Khomeini nan Tehran, Iran, 8 janvye 2020.
Fòs Sekirite yo ak travayè Kwasan Wouj yo ki sou sit kote Avyon Ikrèn Airlines la te kraze a, apre li te fin dekore nan ann Iran nan ayewopò Khomeini nan Tehran, Iran, 8 janvye 2020.

Iran envite Konsèy Nasyonal pou Sekirite Transpò Ozetazini (NTSB) pou l vin patisipe nan envestigasyon sou aksidan avyon komèsyal ikrenyen ki sot tonbe nan Tehran, kapital Iran, nan komansman semèn sa a. Ajans sekirite Etazini an pibliye yon kominike pou di li resevwa envitasyon ofisyèl nan men komite avyasyon sivil pou aksidan avyon Iranyan, e li pare pou voye yon ekspè pou reprezante l nan ankèt la. Anmèmtan tou, repiblik islamik la envite fabrikan avyon Boeing pou l pote kole ak ekip envestigatè li a.

Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau, ki mande yon ankèt an pwofondè sou aksidan an, deklare sèvis ransèyman peyi l ak lòt alye tankou Angletè gen enfòmasyon ki montre se ta yon misil Iranyen ki desann aparèy la pandan li t ap soti nan Tehran pou ale nan kapital ikrenyen an Kyèv ak 176 pasaje ak tout konpri manm ekipaj la--deklarasyon otorite iranyen yo di ki san fondman.

XS
SM
MD
LG