Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Opozisyon Radikal la Aksepte pou Lekòl Relouvri Men Kontinye Egzije Depa Prezidan J. Moise


Yon elèv lekòl ki nan yon sal de klas.
Yon elèv lekòl ki nan yon sal de klas.

Paran ann Ayiti, ki te oblije kenbe timoun yo lakay pou anpeche yo viktim zak vyolans pandan manifestasyon opozisyon an tap fè atravè peyi a pou fòse Prezidan Jovenel Moise demisyone, ap kapab voye timoun yo lekòl, dapre dispozisyon ministè edikasyon nasyonal e ak dènye anons branch opozisyon radikal la ki modifye kalandriye moblizasyon yo.

Ouvèti lekòl la ki te dwe fèt depi nan mwa septanm 2019 pase a pat rive fèt kòm sa dwa. Anpil lekòt te kenbe pòt yo fèmen pou yo pat tounen sib manifestan ki te mete dife nan plizyè biznis. Majorite elèv oblije pèdi premye trimès ane eskolè 2019-2020. Pandan yon moman kote kantite manifestasyon ak barikad yo te bese nan Pòtoprens kèk lekòl te eseye rekòmanse louvri pòt yo. Sepandan endividi moun pat rive idantifye te lage matyè fekal devan kèk nan etablisman sa yo ki tap eseye relouvri pòt yo.

Nan yon konferasn pou laprès jou pase yo, minis edikasyon nasyonal la, Pierre Josué Agénor Cadet, te anonse yon modifikasyon nan kalandriye ane eskolè a yon fason pou elèv yo ka ratrape tan pèdi yo.

Moun te ka remake yon bès nan mouvman mobilizasyon opozisyon an pandan fèt fen dane yo. E manifestasyon ki te anonse nan kapital la nan okazyon 216èm anivèsè endepandans peyi a te anile. Nan fen semèm pase a, pòt pawòl branch opozisyon radikal la, Mèt Andre Michel, nan yon konferas deprès fè konnen opozisyon an pap dakò l jan Prezidan Jovenel Moise vle a, pou elèv yo pèdi ane lekòl.

Yon lòt kote, Mèt Andre Michel bay yon nouvo kalandriye mobilizasyon kote li anonse manifestasyon yo ap fèt depreferans lannuit ak wikenn, lè pa gen lekòl. Senatè Youri Latortue, ki reprezante branch opozisyon an nan Latibonit, nan yon mesaj li ekri sou kont Twitter li, pale nan menm sans ak Mèt Andre Michel. Antretan, preparatif ap fèt pou ekolye yo retounen nan sal de klas yo madi 7 janvye 2020 a.

XS
SM
MD
LG