Accessibility links

Breaking News

185 Migran Ayisyen Apreyande sou Lanmè ant Bahamas ak Vil Turk ak Caicos


Foto migran ayisyen yo entèsepte sou lanmè. Foto achiv: 15 me 2019 REUTERS/Andres Martinez Casares - RC1BD5371FB0
Foto migran ayisyen yo entèsepte sou lanmè. Foto achiv: 15 me 2019 REUTERS/Andres Martinez Casares - RC1BD5371FB0

Otorite maritim sid fwontyè peyi Bahamas, nan yon oporasyon konjwen ak Fòs defans Ryal Bahamas la apreyande 185 migran ayisyen ki te abò yon bato vandredi dènye nan lanmè ant Bahamas, Vil Turk ak Caicos.

Dapre nòt otorite peyi Bahamas yo pibliye sou paj wèb yo, yo fè konnen, “pandan yon patwouy woutin ajan OPBAT yo, ki se yon fòs kowalisyon pou patwouy fontalyè maren ant Etazini, Bahamas, vil Turk ak Caicos, te obsève nan yon distans 30 pye yon veso an bwa vè 5 kè nan apre midi ki te gen yon kantite moun abò l. Yon fwa ajan OPBAT yo te fin alète de sitiyasyon an, yo te depeche plizyè ekip maritim pou te kouri apreyande migran sa yo.

Ozanviwon 11pm pandan menm jounen an Bahamas te resevwa otorizasyon nan men minis afè etranjè vwazen yo Turk ak Caicos pou yo te franchi espas maritim fwontalyè a pou te ka retire migran ayisyen yo sou lanmè a ki te nan yon pozisyon danjere kote lavi yo te ka menase e yo te rive fè sa selon konvansyon SOLAS 1974 la yo te siyen antre yo.

Selon menm nòt la, yo mete 84 nan migran ayisyen sa yo abò yon bato USCG, Gad Kot Ameriken e yo gen pou transfere yo bay otorite TCI, otorite Turk ak Caicos e 101 lòt migran sa yo al jwen otorite imigrasyon Bahamas yo pou swit nesesè.

RBDF, Fòs Defans Wayal peyi Bahamas la fè konnen yo ranfòse patwouy yo sou lanmè a depi kèk tan yon fason pou rive kontwole pakèt migran ayisyen, sitou nan zòn sid la kote li pi fasil pou bato migran sa yo pase soti Ayiti pou antre Bahamas e sitou nan moman kote nasyon karayib la ap fè fas ak yon kriz politik ak manifestasyon dènye tan sa yo. Otorite yo, ni Bahamas ak vil Tirk e Caicos pako di ki lè yo ka retounen migran sa yo bay leta ayisyen.

XS
SM
MD
LG