Accessibility links

Breaking News

Manm Altènativ pou Refondasyon Leta a Rejte Envitasyon Prezidan Jovenel Moise la


Kafou Ayewopò anba Vyadik la kote manifestasyon opozisyon konn reyini.
Kafou Ayewopò anba Vyadik la kote manifestasyon opozisyon konn reyini.

Manm Altènativ pou refondasyon leta rejte envitasyon prezidan Jovenel Moise te voye ba yo pou vinn diskite ak li akò Marriott la vandredi 20 desanm nan. Manm opozisyon sa a rejte envitasyon an kolektivman malgre chak antite, ki te siyen dokiman an. te resevwa envitasyon an separeman.

Paralèlman Senatè Joseph Labert lidè Konbit Nasyonal ak Sekretè jeneral RDNP Eric Jean Baptiste, Paul Dennis INIFÒS rejte envitasyon an tou pou vis de fòm poutèt yo pa siyen akò Marriott la.

Yon konseye prezidan an di Administrasyon an pran nòt desizyon opozisyon an pran pou l pa rankontre chèf leta a. Group Altènativ pou Refondasyon leta a di li rete soude ak akò Marriott la ki mande demisyon prezidan Jovenel Moise.

XS
SM
MD
LG