Accessibility links

Breaking News

Vèsyon Gouvènman an sou Machin Sispèk yon Diplomat Ayisyen Tap Kondui nan Santiago a


Fowntyè Ayiti ak Sen Domeng
Fowntyè Ayiti ak Sen Domeng

Vèsyon Gouvènman Ayisyen an sou Afè Machin Sispèk Responsab Konsila Dayiti nan Santiago Tap Kondui a

Responsab Konsila peyi Dayiti nan Santiago, madam Judith Exavier, te twouve l an difikilte samdi 7 desanm 2019 la nan maten sou fwontyè Jimaní-Malpasse la akoz li tap itilize yon machinn sanble ajans anti-dròg ameriken DEA tapchèche.

Gen plizyè vèsyon ki soti nan laprès sou ensidan sa a: genyen ki pale de arestasyon, genyen ki pale de "Garde à vue." Sepandan, bò kote pal, Ministè Afè etranjè peyi Dayiti demanti koze sa yo e li presize madam Exavier ka sikile nan 2 peyi yo Ayiti ak Repiblik Dominikèn.

Nan kominike pou laprès sa a, chanselri Ayisyèn nan mansyone ke otorite 2 peyi yo ap mennen ankèt sou machinn diplomat ayisyen an tap itilize pou l antre ann Ayiti. Chanselri Ayisyèn nan presize ke li mande Responsab Konsila peyi Dayiti a nan Santiago rete ann Ayiti jiskaske otorite 2 peyi yo fè limyè sou kondisyon machin diplomat la tap kondui an.

Nan yon entèvyou madam Exavier bay jounal an Liy Jujo 7, li presize li te prete machin nan nan men yon kòlèg li nan konsula a. Sepandan, li pa revele non kòlèg sa a.

XS
SM
MD
LG