Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovenel Moise Pral Prezante Diskou Tradisyonèl Fèt Endepandans la nan Palè Nasyonal


Haiti's President Jovenel Moise pauses during an interview in his office in Port-au-Prince, Haiti, Aug. 28, 2019.
Haiti's President Jovenel Moise pauses during an interview in his office in Port-au-Prince, Haiti, Aug. 28, 2019.

Prezidan Jovenel Moise deside li pap pwononse diskou tradisyonèl sou anivèsè endepandans la nan Gonaives premye janvye 2020 kap vini an, pou evite yon posib lese frape ame ant group rival nan site endepandans la.

Yon konseye lidè ayisyen an di Lavwadlamerik, prezidan an genyen pou l fè diskou sa a nan palè nasyonal. Opinyon yo pataje apre desizyon laprezidans la. Pou manm opozisyon an, se siy ki montre chèf leta a pap dirije peyi a; Sepandan, pou pwòch pouvwa a, se yon desiyon ki montre anpil sajès.


Yon lòt kote, ane a ap fini san chèf leta a pa rive antann li ak opozisyon an pou nonmen yon nouvo premye Minis ak yon gouvènman enklizif. Prezidan Jovenel Moise te yon lòt fwa ankò pandan fen ane lonje lamen pou negosye ak opozisyon. Kèk lidè politik te reponn apèl chèf leta a tankou Senatè Joseph Lambert ak lidè RDNP Erick Jean Baptiste. Opozisyon radikal la bò kote pal rejte tout antant ak chèf leta a.

XS
SM
MD
LG