Accessibility links

Breaking News

Etazini: Tou 2 Chanm Kongrè a Vote pou Relouvri Gouvènman Federal la


 Lokal Kongrè ameriken an.
Lokal Kongrè ameriken an.
Sena ameriken an adopte, lendi 22 janvye 2018 la, yon lejislasyon ki prepare chemen an pou gouvènmnan federal la relouvri 3 jou aprè yon fèmti pasyèl. Sa k te lakoz fèmti sa a, se yon divizyon ant lidè demokrat yo ak lidè repibliken yo sou dosye imigrasyon an.
Senatè pati minoritè a, Mitch McConnell (R-KY) nan Capitol Hill nan Washington, 22 janvye 2018.
Senatè pati minoritè a, Mitch McConnell (R-KY) nan Capitol Hill nan Washington, 22 janvye 2018.

33 Senatè demokrat te mete ansanm ak 48 Repibliken pou yo mete fen nan deba ki t ap fèt ant 100 senatè yo sou yon pwopozisyon-lwa ki pwolonje pou jous 8 fevriye 2018 otorite gouvènman federal la genyen pou l depanse lajan. Sa te pare chemen an pou Sena a te fè yon vòt final sou lejislasyon an.
Chanm dè Reprezantan an, apwouve pwopozisyon Sena a te deja vote a menm jounen lendi a. Lè Prezidan Trump fin siyen lejislasyon an, yap relouvri gouvènman federal la.

Senatè Sherrod Brown, yon Demokrat Eta Ohio, deklare: "Se yon bòn nouvèl pou peyi a." Kòlèg repibliken li, Susan Collins (Eta Maine), fè konnen bò kote pa l: "Jodi a se yon jou selebrasyon. Lè gouvènman an fèmen, sa reprezante pi move echèk pou moun k ap dirije nou yo."

Nan yon deklarasyon Prezidan Trump ekri pou Sekretè Laprès Mezon Blanch la, Sarah Huckerbee Sanders te li, lidè ameriken an di: "Mwen kontan deske Demokrat yo nan Kongrè a reprann bon sans yo epi yo dispoze kounye a mete lajan a la dispozisyon lame ekstwòdinè nou an, ajan fwontalye nou yo ak premye sekouris nou yo."

Sena Etazini an te jwenn yon konpwomi pou mete fen nan fèmti gouvènman federal la aprè lidè majorite a Senatè Mitch McConnell te bay palmantè opozisyon demokrat yo asirans li pral pèmèt yo fè yon vòt sou yon mezi kap pwoteje anviwon 800 mil jèn imigran illegal kont depòtasyon. Jèn sa yo te benefisye yon pwogram ki rele ann anglè DACA.
XS
SM
MD
LG