Accessibility links

Breaking News
Azi

Nouvèl Kaledoni Ap Vote Sou Endepandans li ak La Frans


Bè Noumea, ki se kapital Nouvèl Kaledoni, yon teritwa Franse ki sitye nan Sid oseyan Pasifik la.

Elektè yo nan zile Nouvèl Kaledoni ki sitye nan Sid Oseyan Pasifik la pral vote Dimanch sou kestyon pou konnen si yo vle pran endepandans yo ak La Frans.

Referandom nan ka gen konsekans politik enpotan pou La Frans nan moman La Chin ap ogmante enfliyans pa li nan rejyon sa a.

Sepandan, fos pwo-endepandans yo derefize patisipe. Yo akize gouvènman Franse a dèske lap eseye fè referandom nan prese-prese. Se twazyèm ak dènye vot konsa ki prevwa pou zile a nan kad jefo dekolonizasyon kap fèt depi plizyè dizèn lane.

Pwosesis la vize soulaje tansyon ki egziste ant moun etni Kanak yo ki vle endepandans, ak sa yo ki ta renmen pou zile a rete kom teritwa Franse.

Sepandan pandemi kowonaviris la, ki frape Nouvèl Kaledoni nan mwad Septanm nan vinn konplike kanpay sa a.

XS
SM
MD
LG