Accessibility links

Breaking News

Nikaragwa Mete l OEA deyò - Li Wete Kò l nan Òganizasyon an


Foto Achiv: Minis Afe Etranje Nikaragwa Denis Moncada Colindres pandan yon konferans pou lapres.
Foto Achiv: Minis Afe Etranje Nikaragwa Denis Moncada Colindres pandan yon konferans pou lapres.

Managwa - Nikaragwa fèmen dimanch biwo Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) nan Managwa, kapital la, e li egzekite plan l te genyen pou l kite òganizasyon an, dapre minis afè etranjè nikaragweyen an, Denis Moncada.

Moncada anonse peyi l la ap kite l OEA imedyatman e l ap anile akreditasyon reprezantan l yo nan Washington, paske “òganizasyon san wont sa a pa p janm gen biwo l ankò nan Nikaragwa.”

Gouvènman Prezidan Daniel Ortega a, ki gen 76 zan, te anonse an novanm 2021Nikaragwa t ap kite l OEA. Gwoup rejyonal la te kondane re-eleksyon li pou yon 4èm manda youn apre lòt, kote anpil konkiran ak opozan politik te ale nan prizon anvan dewoulman vòt la.

Dapre pwotokòl la, desizyon pou Nikaragwa kite l OEA a te dwe antre an vigè nan 2 zan apre anons la dekwa pou peyi a kapab fin reyalize tout angajman li vizavi òganizasyon an. L’OEA pibliye yon deklarasyon kote li di:

“Toutotan Nikaragwa gen angajman toujou, li se yon manm total-kapital e li dwe respekte angajman sa yo.”

Deklarasyon an ensiste sou le fèt ke gouvènman Managwa a dwe respekte obligasyon li vizavi òganizasyon rejyonal la.”

XS
SM
MD
LG