Accessibility links

Breaking News

Nikaragwa Kondane Yon Jounalis Kòm Lènmi Nasyon an


Miguel Mora ex director del Canal 100% Noticias condenado en juicios cerrados contra presos políticos en Nicaragua.
Miguel Mora ex director del Canal 100% Noticias condenado en juicios cerrados contra presos políticos en Nicaragua.

Jounalis ak ansyen kandida pou prezidan Nikaragwa, Miguel Mora, tonbe anba kondanasyon nan yon pwosè ak pòt fèmen, vandredi ki sot pase a poutèt li ta chache divize nasyon an, dapre avoka li.

Pwosè Mora a dewoule nan yon prizon nan kapital la Nikaragwa, El Chipote, kote yo fèmen pifò nan 46 oppozan ki te jwenn arestasyon yo ane pase anvan eleksyon prezidansyèl la ke Daniel Ortega genyen pou yon 4èm fwa youn apre lòt.

Komisè gouvènman an mande 15 an prizon pou Mora, dapre avoka li Gerardo Gonzalez. Se 6èm moun tribinal la deklare koupab depi premye Fevriye, dat pwosè yo te koumanse kont opozan ki anba kòd yo nan Nikaragwa. Pou kounye-a, piblik la pako konnen santans okenn nan kondane yo.

Miguel Mora ki gen 53 lane, te direktè chèn televizyon prive 100% Noticias, 100 pousan Nouvèl, ki byen aktif nan denonse represyon lè te gen manifestasyon kont gouvènman an nan lane 2018.

Mora te manifeste entansyon li pou l antre nan kous pou prezidan Nikaragwa kòm kandida Pati Restorasyon Demokratik (PRD), youn nan prensipal pati nan opozisyon an, pou eleksyon 7 Novanm ane pase, men tribinal elektoral la te anile kondidati li a.

"Li pa komèt okenn krim e mwen ap kontinye espere ke y ap lage l," se pawòl madanm li Veronica Sanchez, nan finisman pwosè-a. Sanchez ajoute: "Msye reziste ak yon fòs e ak yon fwa nan Bondye ke yo paka ebranle."

XS
SM
MD
LG