Accessibility links

Breaking News

Washington Pran Sanksyon Kont Plizyè Gwo Ofisyèl Nikaragwa


Foto Achiv: Prezidan Nikaragwa Daniel Ortega pandan yon seremoni nan La Havann, peyi Kiba, 14 Dec. 2021.
Foto Achiv: Prezidan Nikaragwa Daniel Ortega pandan yon seremoni nan La Havann, peyi Kiba, 14 Dec. 2021.

Depatman Trezò Ameriken an te anonse Lendi sanksyon kont sis gwo ofisyèl Nikaragwa, Pami ofisyèl sa yo gen ladan l minis defans la, otorite Ameriken yo denonse eleksyon ki te fèt an Novanm 2021 yo kote Prezidan Daniel Ortega ki genyen eleksyon demokratik yo retounen sou pouvwa a.

Daniel Ortega, ki gen 76 gen pou l prete sèman nan Managua pou yon katriyèm manda youn apre lòt, ansanm ak madanm li ak vis-prezidan Rosario Murillo.

Nan yon kominike Sou-Sekretè Trezò Ameriken Brian Nelson te deklare "Rejim Ortega-Murillo kontinye ap pratike esklavaj sou demokrasi a lè li òganize yon eleksyon "simulacre", kote li te mete baoubkèt nan bouch opozisyon an, e te gen plizyè santèn moun ki te pran prizon".

Prezidan Joe Biden pale ak pep Ameriken an depi Statuary Hall nan Capitol la nan Washington, premye anivese atak 6 Janvye a.
Prezidan Joe Biden pale ak pep Ameriken an depi Statuary Hall nan Capitol la nan Washington, premye anivese atak 6 Janvye a.


Prezidan ameriken an Joe Biden te imedyatman rele eleksyon an yon "komedi".

Dapre otorite Ameriken yo, rezon pou sanksyon kont Minis Defans Nikaragwa a ansanm ak de jeneral se paske yo te "fè zak reprezay kont opozisyon politik la ak manifestasyon piblik yo, sa ki lakòz plis pase 300 moun te mouri, 2,000 teblese, ak plizyè santèn figi politik ak sosyete sivil la te pran prizon".

Facebook bò kote pal te pran sanksyon kont 2 ofisyèl jandam ki responsab telekominikasyon nan Nikaragwa. Facebook te fèmen plis pase 1,000 kont ki te eseye enfliyanse opinyon piblik la an favè Daniel Ortega.

Sanksyon yo pran an konsè ak Inyon Ewopeyen an, daprè sa Depatman Trezò Ameriken an te di.

Depatman Trezò Ameriken an te anonse tou sanksyon finansye kont Biwo Pwokirè Federal Nikaragwa a ak nèf gwo ofisyèl nan peyi a "an repons a eleksyon yo".

XS
SM
MD
LG