Accessibility links

Breaking News

Nichelle Nichols, Lyetnan Uhura nan 'Star Trek' Mouri a Laj 89 an


Foto Achiv: Aktris Nichelle Nichols pale pandan yon konvansyon Star Trek nan vil Rosemont, Illinwa, Dimanch 8 Jyen 2014.
Foto Achiv: Aktris Nichelle Nichols pale pandan yon konvansyon Star Trek nan vil Rosemont, Illinwa, Dimanch 8 Jyen 2014.

Aktris nwa Amerikèn Nichelle Nichols mouri. Li te kraze baryè pou fanm nwa nan domèn televizyon an gras ak wol li kom bèl ofisye kominikasyon Lyetnan Nyota Uhura - ki pat nan rans ak pèsonn - nan seri televize popilè "Star Trek" la.

Martin Luther King te di Nichols li te yon enspirasyon, e ke li te ankouraje anpil moun louvri lespri yo pa rapo ak dwa sivik.

Aktè William Shatner ki se vedèt seri televize a e ki te pataje premye bo entè-rasyal televize ak Nichols, deklare aktris la te yon bèl fanm ki te fè anpil bagay pou re-defini kestyon sosyal yo Ozetazini ak toupatou nan mond lan.

Li te enspire tou, astwonot Mae Jemison ki te kontan amo rankontre Nichols anvan li te tounen premye fanm nwa ki rive nan lespas. Nichols te gen 89 an.

XS
SM
MD
LG